Kote Kilti Ayisyen, Kreyatè, ak Enflyans Pran Chè.

Gran Boulva ap bati platfòm dijital pou kreyatè ayisyen, deba, transmisyon lide, prediksyon, ak enflyans kominotè.

Fè tande vwa w, enfliyanse lide, epi ede chanje bagay yo.

👑 Vin yon Sipòtè Fondatè
App screen
Home screen

kisa nap Bati

Tout sa kominote ayisyen an merite

Yon platfòm. 6 pilye kilti, konpetisyon, ak kominote.

Deba an Dirèk

Deba an Dirèk

Itilizatè yo toke lide an dirèk pandan kominote a ap vote an tan reyèl.

Batay Kreyatè

Batay Kreyatè

Enfliyanisè yo antre nan konpetisyon pou klasman, vizibilite, ak rekonpans.

Prediksyon

Prediksyon

Predi rezilta evènman, deba, tandans, ak konpetisyon.

Monetizasyon Kreyatè

Monetizasyon Kreyatè

Tip, abònman, kado, ak badge sipòtè — touche lajan ak enflyans ou.

Klasman Enflyans

Klasman Enflyans

Tablo klasman dinamik pou kreyatè ak kominote — monte pi wo.

Pouvwa Kominote a

Pouvwa Kominote a

Piblik la deside kisa ak ki moun ki pou nan tèt klasman an, se pa algorit etranje.

Vizyon Nou

Gran Boulva se plis pase yon aplikasyon sosyal.

Se enfrastrikti dijital pou kilti ayisyen ak karayibeyen.

Pandan twòp tan, kominote ayisyen an te bati kilti san posede platfòm li ap itilize yo. Gran Boulva chanje sa — bay kreyatè ak kominote a mwayen pou defini pwòp narasyon yo, bati yon revni reyèl, epi fòme pèsepsyon mond lan sou Ayiti.

🌍

Koneksyon Dyaspora

Pon ant Ayisyen nan Ayiti ak lòt peyi tankou Etazini, Kanada, Lafrans ak Karayib la.

💡

Bay Kreyatè yo Pouvwa

Bay kreyatè yo zouti ak ekonomi pou transfòme enflyans an revni.

🏆

Bay Kominote a Pouvwa

Kominote a deside kisa ak ki moun ki nan tèt klasman an —se pa algorit ke etranje kontwole.

🚀

Teknoloji Kiltirel

Teknoloji ki bati pak kilti nou, ou kilti nou, se ap yon bagay nou enpòte lòt kote.

"Sa se pou pèp Ayisyen an."

Sa rele nou chè mèt, chè mètrès.

🚀 Soft Launch — November 18, 2026

00
DAYS
00
HRS
00
MIN
00
SEC

Kijan li fonksyone

3 etap senp pou fè tande vwa w

1

LI epi AGIMANTE

Li sijè yo, pataje agiman ou ak kominote a.

2

VOTE

Vote pou pozisyon ou kwè ki pi solid.

3

ENPAKTE

Ranmase pwen, monte nan klasman, epi peze nan balans lan.

Pou Kreyatè

Bati Piblik Ou. Posede Enflyans Ou.

Gran Boulva bay kreyatè yo zouti, piblik, ak sous revni pou transfòme pasyon an karyè san depann de platfòm ki pa konprann kilti nou.

Deba an dirèk ak match kreyatè ak vrè piblik
Monetize ak tip, abònman, ak badj sipòtè
Klasman enflyans dinamik ki rekonpanse konsistans
Metòd pou fè lajan an rive jwen ou entegre
Analitik kreyatè ak enfòmasyon angajman piblik
Verifikasyon priyoritè pou gwo vwa nan kominote a
Mwayèn revni kreyatè / mwa
Objektif min: $240
soti nan tip + badge + boost
Pi bon klasman kreyatè
#1 Vwa
sou tablo klasman semèn sa
To angajman kominote
Objektif min: 34%
kont 3% sou platfòm tradisyonèl

Poukisa Nou Ap Bati Gran Boulva

Nou grandi ap gade Ayisyen ap fè deba sou tout sijè: politik, foutbòl, mizik, lavi, ak yon nivo pasyon, entèlijans, ak enèji ke mond lan pa wè souvan.

Nou grandi tou ap wè sa kominote a ka akonpli lè moun ini pou yon objektif komen. Nan katye nou an, nou te jwenn opòtinite pou ede òganize moun pou pote kouran sou katye nou an. Eksperyans sa a te montre nou ke lè moun yo gen yon objektif, ak mwayen pou ini yo, chanjman reyèl vin posib.

Èske nou ap pale de bagay ki vrèman enpòtan?

Èske nap bati demen nou vrèman vle a?

Ki moun ki kontwole narasyon sou sa ki defini yon Ayisyen?

Jodi a, Ayisyen yo toupatou nan mond lan, men pifò vwa nou yo toujou depann de platfòm ki pat janm vrèman bati pou nou. Twò souvan, lòt moun defini imaj nou, istwa nou, ak idantite nou pou nou.

Kreye Gran Boulva soti nan yon kwayans senp:
Kominote ayisyen an merite yon espas kote kilti nou pa menm egziste, men kote li plase nan sant sa kap fèt la.

Pa yon lòt platfòm ki fèt sèlman pou maksimize atansyon ak gaspiye tan, men yon platfòm ki reflete ki moun nou ye ak ki kalte pèp nou vle ye demen: fyè, pezib, kreyatif, lib, ki vle pwogrese, epi konekte youn ak lòt.

Nou wè kijan kominote nou an swaf yon espas ki vrèman pou nou.

Gran Boulva se kòmansman repons nou sou sa.

Sa plis pase yon senp platfòm. Se yon jaden dijital kote lide grandi, kreyatè pran chè, kominote a konekte, konvèsasyon enpòtan fèt, epi yon nouvo jenerasyon ka ede fòme lavni epi defini kisa 'Mwen se Ayisyen' vle di.

🎵

Si ou vle konprann yon pati nan sa nou santi lè nou ap bati Gran Boulva, koute Ayibobo non atis la se Freedom sou albòm 1804.
Emosyon sa a, doulè a, espwa a, kesyon yo, lanmou pou pèp nou an, se sa Gran Boulva ye.

Disponibilite Limite

Vin yon Sipòtè Fondatè

Aksè sipòtè fondatè limite. Sipòtè bonè yo jwenn avantaj pou tout lavi ak rekonesans pèmanan.

⚡ Plas manm fondatè yo pa dire, mache prese!

👑 Vin yon Sipòtè Fondatè

Rejwenn Lis Datant

Rezève Plas Ou

Aksè manm fondatè limite. Ou pral premye konnen lè nou demare — epi jwenn aksè priyoritè sou platfòm nan.

Pa gen spam. Nou voye sèlman mizajou enpòtan Gran Boulva.

FAQ

Kesyon? Nou gen repons.